Kantite lajan ki pwopoze pou Prè Obligatwa pa ta dwe depase $120,000,000. Montan total la, ak enterè, sou yon delè de 30 ane, pral apeprè $132,217,000. Yo pwopoze 10 milyon dola pou akizisyon ak konstriksyon lojman abòdab pou yon sèl oswa pou plizyè fanmi. Pou enfrastrikti ak dirabilite, yo pwopoze 31 milyon dola pou repare twotwa, ranje lari a, epi pou jaden, ekleraj, espas vèt, transpò piblik, pwojè drenaj ak rezistans. Yo pwopoze yon total 2 milyon dola pou amelyorasyon teknolojik ki konsantre sou kenbe lòd nan kominote an, sekirite, ekipman lapolis, sèvè, Wi-Fi, kamera sekirite, difizyon ak operasyon ijans. Administrasyon Vil la pwopoze 77 milyon dola pou konsantre sou etablisman piblik ak lwazi, ki gen ladan yon konplèks gouvènman an, konstriksyon garaj, sant kominotè, yon nouvo konplèks jimnastik ak lòt reparasyon nan pak yo.